2 Timothy 1:12
Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l' konsève sa l' te ban mwen an jouk gran jou a va vini.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 25:2Piga ou fè m' wont, pa kite lènmi yo pase m' nan betiz.
Psalms 56:9(056:10) Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.
Isaiah 50:7Seyè a, Bondye a, ap pote m' sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m' anyen. Mwen sere dan m', mwen mare kè m' pou m' soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m' wont.
Nahum 1:7Men, Seyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.
Matthew 12:21Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li.
Luke 10:12M'ap di nou sa: Jou jijman an, y'ap peni lavil sa a pi rèd pase lavil Sodòm.