2 Timothy 2:1
Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouraj nan favè nou resevwa nan lavi n'ap mennen ansanm ak Jezikri a.
Bib La
In The King James Version
Thou therefore, my son, be strong in the grace that is in Christ Jesus.
In Context
Cross References
Joshua 1:7Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m' lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase.
1 Corinthians 16:13Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb.
Ephesians 6:10Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li.
1 Timothy 1:2m'ap ekri ou, Timote, pitit lejitim mwen nan konfyans mwen gen nan Bondye. M'ap mande Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.
2 Timothy 1:2M'ap ekri ou, Timote, pitit mwen renmen anpil lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.
2 Peter 3:18Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, koulye a ak pou tout tan. Amèn.