2 Timothy 2:7
Fè tèt ou travay sou sa m' ap di ou la a. Seyè a va fè ou konprann tout bagay.
Bib La
In The King James Version
Consider what I say; and the Lord give thee understanding in all things.
In Context
6Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l' nan rekòt la.
Cross References
Exodus 36:1Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout moun ki gen konprann, tout moun Seyè a te bay ladrès ak konesans pou yo ka fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a, se pou yo fè tout bagay jan Seyè a te bay lòd la.
Deuteronomy 4:39Bon. Koulye a, konprann sa byen. Pa janm bliye se Seyè a ki Bondye anwo nan syèl la ak isit la sou latè. Wi, se li menm, pa gen lòt.
1 Chronicles 22:12Mwen mande Seyè a pou l' ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè l'a mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Seyè a, Bondye ou la.
2 Chronicles 1:8Salomon reponn li: -Ou te toujou moutre jan ou te renmen David, papa m', sèvitè ou la, anpil. Koulye a, se mwen menm ou mete nan plas li pou gouvènen.
Psalms 119:73Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo.
Psalms 119:144Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv.