2 Timothy 3:2
Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil.
Cross References
Psalms 10:3Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye.
Psalms 52:1(052:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri (052:2) lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l' konnen David te al kache lakay Akimelèk. (052:3) Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje.
Isaiah 10:15Men sa Seyè a di ankò: Eske yon rach ka pretann travay li fè a se li ki fè l'? Se pa moun k'ap sèvi avè l' la ki fè l'? Eske yon goyin ka mache di sa l' fè a se li ki fè l'? Moun k'ap sèvi avè l' la pou anyen nan sa l'ap fè a? Se tankou si se fwèt la k'ap kòmande moun ki kenbe l' nan men l' lan, tankou si se baton an k'ap sèvi ak moun ki genyen l' nan men l' lan.
Daniel 11:36Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.
Mark 7:11Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Tou sa m' ta gen pou m' ede ou la, li kòban (sa vle di: se yon ofrann mwen mete apa pou Bondye),
Luke 16:14Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan.