2 Timothy 3:5
Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.
Bib La
In The King James Version
Having a form of godliness, but denying the power thereof: from such turn away.
In Context
Cross References
Isaiah 29:13Seyè a di: -Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.
Isaiah 58:1Seyè a di m' konsa: -Rele ak tout fòs ou, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou sonnen tankou klewon! Fè pèp mwen an konnen tout mechanste li fè yo! Fè moun fanmi Jakòb yo konnen tout peche yo te fè!
Matthew 7:15Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.
Romans 2:20yon pwofesè lekòl pou timoun; ou kwè ou ka moutre moun ki pa konnen anyen yo anpil bagay. Ou mete tou sa nan tèt ou paske ou sèten ou jwenn tout konesans ak tout verite nan lalwa a.
Ephesians 4:14Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti.
2 Thessalonians 3:14Si yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pesonn gen okenn rapò avè l', pou l' sa wont.