Akdèzapot 10:22
Yo reponn: Se kaptenn Kònèy ki voye nou. Nonm sa a, se yon bon gason ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp jwif la konsidere l' anpil. Enben, yon zanj Bondye te di l' pou l' te voye chache ou pou ou vin lakay li. Li bezwen tande sa ou gen pou di l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:13Se pa lòt bò lanmè li ye non plis pou nou ta di: Kilès ki pral janbe lanmè al chache l' pou nou ka tande sa l' di, pou nou ka fè sa l' mande nou fè a?
Habakkuk 2:4Men mesaj la: Moun ki pa mache dwat devan Bondye p'ap chape. Men moun ki mache dwat yo va viv paske yo te kenbe konfyans fèm yo nan Bondye.
Mark 6:20Men, li pa t' kapab, paske Ewòd pou tèt pa l' te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sak fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l' pale tou, menm si apre sa kè l' te boulvèse.
Luke 2:25Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li.
Luke 23:50Te gen yon jwif ki te rele Jozèf, moun lavil Arimate. Se te yon bon gason ki te mache dwat devan Bondye.
John 6:63Se lespri a ki bay lavi, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo soti nan Lespri Bondye, yo bay lavi.