Acts 18:26
Li t'ap pale avèk fòs konviksyon nan sinagòg la. Lè Prisil ak Akilas tande l', yo pran l' avèk yo epi yo fin moutre li chemen Bondye a yon jan ki pi korèk.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 9:9Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.
Proverbs 25:12Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou.
Matthew 18:3Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Luke 19:26Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an.
John 7:17Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale.
Acts 14:3Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Seyè a. Seyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l' te moutre sa yo t'ap di a te vre.