Akdèzapot 22:12
Nan Damas te gen yon nonm yo rele Ananyas. Se te yon moun ki t'ap sèvi Bondye jan Lalwa nou an mande l' la. Tout jwif Damas yo te konsidere l' anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Limyè a te tèlman klere, mwen te vin avèg. Se kanmarad mwen yo ki pran men m' ki mennen m' Damas.
Cross References
Luke 2:25Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li.
Acts 8:2Kèk moun ki renmen Bondye te antere Etyèn, yo te kriye anpil pou li.
Acts 10:22Yo reponn: Se kaptenn Kònèy ki voye nou. Nonm sa a, se yon bon gason ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp jwif la konsidere l' anpil. Enben, yon zanj Bondye te di l' pou l' te voye chache ou pou ou vin lakay li. Li bezwen tande sa ou gen pou di l' la.
2 Corinthians 6:8Yon lè yo respekte mwen, yon lòt lè yo fè m' wont. Yon lè yo pale byen pou mwen, yon lòt lè yo pale m' mal. Yo fè m' pase pou moun k'ap bay manti, men se verite a m'ap di.
Hebrews 11:2Se paske granmoun lontan yo te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te moutre li dakò ak yo.