Akdèzapot 23:11
Jou lannwit sa a, Pòl wè Seyè a ki di li: Kouraj! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Isaiah 41:10Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Isaiah 43:2Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Jeremiah 15:19Men sa Seyè a reponn mwen: -Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou, w'a kanpe devan m' ankò pou ou sèvi m'. Si ou sispann pale anlè pou se bon pawòl k'ap soti nan bouch ou ase, m'a fè ou pale pou mwen ankò. Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou. Ou p'ap bezwen al dèyè yo.
Matthew 14:27Menm lè a, Jezi di yo: Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
John 11:8Disip li yo reponn li: Mèt, pa gen lontan jwif yo t'ap chache touye ou ak kout wòch, epi koulye a ou vle tounen laba a ankò?