Akdèzapot 23:12
Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Te gen karant moun pou pi piti nan konplo a.
Cross References
Leviticus 27:29Si se yon moun yo vle ki pou rete apa nèt pou Seyè a, yo p'ap ka reachte l'. Se touye pou yo touye moun sa a.
Joshua 7:1Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Seyè a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Seyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la.
1 Samuel 14:24Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a.
1 Samuel 14:40Epi li di tout pèp Izrayèl la: -Nou menm kanpe bò isit. Mwen menm ak Jonatan, pitit gason m' lan, m'ap kanpe bò la. Pèp la di Sayil: -Fè sa ou wè ki bon!
2 Kings 6:31Wa a pale byen fò, li di: —Se pou Bondye ban m' pi gwo chatiman ki genyen si anvan jounen an fini, yo pa koupe tèt Elize, pitit Safa a!
Esther 2:22Madoche vin konn sa. Li di larenn Estè sa. Larenn Estè menm al di wa a men sa Madoche voye di l'.