Akdèzapot 27:2
Nou anbake sou yon batiman ki te soti lavil Adramit ki tapral fè lakòt nan Lazi. Epi nou pati. Aristak, yon moun lavil Tesalonik nan peyi Masedwan, te avèk nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 2:9Nan nou la a gen moun Pat, moun Medi ak moun Elam, gen moun Mezopotami, moun Jide, moun Kapadòs, moun Pon ak moun Lazi.
Acts 16:17Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n' pran pou n' ka jwenn delivrans.
Acts 19:19Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkantmil (250.000) goud antou.
Acts 20:4Men non moun ki te avèk li yo: Sopatè, pitit Piris, moun lavil Bere, Aristak ak Sekoundous, tou de moun Tesalonik, Gayis, moun Dèb, Timote, Tichik ak Twofim, tou twa moun pwovens Lazi.
Acts 21:1Apre nou fin kite yo, nou pati sou batiman an. Nou fè k'ap tou dwat sou Kòs. Yon jou apre, nou te rive Wòd. Soti la, n' ale Patara.
Acts 28:2Moun peyi a te aji byen anpil avèk nou. Lapli t'ap tonbe, te fè frèt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou.