Akdèzapot 28:23
Yo fikse l' yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Gen ladan yo ki te kwè sa l' t'ap di yo. Men, gen lòt ki pa t' vle kwè menm.
Cross References
Luke 24:44Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive.
Acts 8:35Filip pran pale: li kòmanse avèk pasaj li t'ap li nan liv la, li fè l' konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi a.
Acts 18:4Chak jou repo, Pòl te pran lapawòl nan sinagòg la, li t'ap chache pran tèt anpil jwif ak anpil moun peyi Lagrès.
Acts 19:8Pòl ale nan sinagòg la. Pandan twa mwa li t'ap pale la avèk gwo konviksyon. Li t'ap fè yo konnen tout bagay sou Gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap chache pran tèt moun ki t'ap koute l' yo.
Acts 26:6Koulye a, yo rele m' an jijman paske m'ap tann pwomès Bondye te fè zansèt nou yo.
Philemon 1:2pou tout legliz la ki reyini lakay li a, pou Apya, sè nou an, ak Achip, kanmarad ki te konbat ansanm ak nou an.