Akdèzapot 28:3
Pòl te ranmase yon ti pakèt fachin, li t'ap mete l' nan dife a lè yon sèpan soti nan chalè dife a, li vlope nan men li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 30:6Men yon mesaj Bondye bay sou bèt nan dezè Negèv yo: -Delege yo ap vwayaje nan yon peyi ki gen anpil danje, kote lyon ak manman lyon rete, kote gen move sèpan ak dragon azèl. Yo chaje bourik yo ak chamo yo avèk kado pou yon nasyon ki pa ka fè anyen pou yo.
Isaiah 59:5Move plan y'ap fè yo tankou pwazon. Si ou pran ladan yo nanpwen rechap. Si ou rive kraze yon move plan y'ap fè, y'ap pare yonn ki pi rèd pou ou.
Matthew 3:7Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?
Matthew 23:33Bann rize, bann vèmen! Kouman n'a fè chape anba chatiman lanfè a?
2 Corinthians 6:9Yo fè m' pase pou moun pesonn pa konnen, men tout moun konnen m' byen pwòp. Yo fè m' pase pou moun ki fin mouri, men mwen byen vivan. Yo bat mwen, men yo pa touye mwen.