Akdèzapot 6:13
Yo mennen lòt moun tou pou fè manti sou li, yo t'ap di: Nonm sa a pa sispann pale mal sou tanp Bondye a ak sou lalwa Moyiz la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 27:12Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti.
Psalms 56:5(056:6) Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!
Acts 6:11Lè yo wè sa, yo peye kèk moun pou di: Nou tande l' ap pale mal sou Moyiz ak sou Bondye.
Acts 21:28Yo t'ap rele: Moun ras Izrayèl yo, pote nou konkou! Men nonm k'ap plede mache toupatou pale mal ak tout moun sou do pèp Izrayèl la, sou do Lalwa Moyiz la, sou do tanp sa a. Koulye a, li penmèt li fè moun ki pa jwif antre nan tanp lan, l'ap lakòz kote nou mete apa pou Bondye a pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Hebrews 7:12Lè yo chanje travay prèt la, se pou yo chanje lalwa a tou.