Acts 7:46
David te jwenn favè Bondye, li te mande l' pèmisyon pou l' te fè yon kay pou Bondye Jakòb la.
Bib La
In The King James Version
Who found favour before God, and desired to find a tabernacle for the God of Jacob.
In Context
47Men se Salomon ki te bati kay la pou li.
Cross References
1 Samuel 15:28Samyèl di li: -Seyè a rache gouvènman peyi Izrayèl la nan men ou jòdi a. Li rale l' nan men ou. Li pral renmèt li bay yon lòt moun ki pi bon pase ou.
1 Samuel 16:11Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: -Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: -Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l' al mennen mouton m' yo al nan manje. Samyèl di li: -Voye chache l', paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini.
2 Samuel 7:1Wa David te byen chita nan palè li. Seyè a te pwoteje l', li te fè tout lènmi ki te alantou peyi a pa chache l' kont ankò.
2 Samuel 7:18Apre sa, wa David ale nan tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè, Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye, kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tou sa ou deja fè pou nou?
1 Chronicles 17:1Wa David te byen chita nan palè li. Yon jou li fè rele pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye.
1 Chronicles 28:2David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: -Frè m' yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Seyè a rete, yon kay kote Seyè a ka mete fotèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la.