Acts 8:27
Filip leve, li pati. Antan l' sou wout la, yon nonm parèt devan l'; se te yon moun peyi Letiopi, yon nèg konfyans. Li te yon gwo chèf nan peyi Letiopi. Se li menm ki te reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute lavil Jerizalèm pou adore Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Antan li t'ap tounen nan peyi l', li te chita nan cha li, li t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a.
Cross References
Deuteronomy 30:13Se pa lòt bò lanmè li ye non plis pou nou ta di: Kilès ki pral janbe lanmè al chache l' pou nou ka tande sa l' di, pou nou ka fè sa l' mande nou fè a?
1 Kings 10:1Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye ak jan sa te sèvi yon lwanj pou Seyè a. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil.
Psalms 68:29(068:30) Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou.
Psalms 87:4Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m' yo, m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la. Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etiopi, se Jerizalèm yo fèt.
Isaiah 45:14Men sa Seyè a di ankò: -Tout pwofi travay moun Lejip yo ak pwofi kòmès moun Letiopi yo pral vin pou nou. Moun bèl wotè ki rete nan peyi Seba yo va pase nan peyi nou an, y'a vin esklav nou. Y'a mache dèyè nou tankou prizonye nan chenn. Y'a mete ajenou devan nou, y'a lapriyè nan pye nou, y'a di: Se lakay nou ase Bondye rete. Nanpwen lòt bondye tankou li. Nanpwen lòt bondye pase l'.
Isaiah 60:3Nasyon yo pral kouri vin nan limyè nou an. Tout wa yo pral kouri vin nan klète jou k'ap leve pou nou an.