Akdèzapot 9:21
Tout moun ki te tande l' te sezi, yo t'ap di: Apa nonm sa a ki t'ap maltrete tout moun ki t'ap rele non sa a lavil Jerizalèm? Se pa li ki vin isit la toutespre pou arete yo, pou mennen yo bay chèf prèt yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
20Menm lè a tou, li kòmanse bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap fè moun konnen Jezi se pitit Bondye.
Cross References
Numbers 23:23Pa gen wanga ki ka pran sou moun Jakòb yo. Pa gen maji ki ka fè moun Izrayèl yo anyen. Lè lè a va rive, y'a di moun Jakòb yo ak moun Izrayèl yo: Gade sa Seyè a fè pou nou!
Isaiah 8:18Men mwen ansanm ak tout pitit Seyè a ban mwen yo! Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm ki rete sou mòn Siyon an, li fè nou tounen yon siy nan mitan pèp la pou nou moutre sa ki pral rive.
Matthew 13:54li ale nan lavil kote l' te grandi a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t'ap koute l' te sezi anpil. Yo t'ap di konsa: Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
John 9:8Moun ki te rete bò lakay li yo ansanm ak tout moun ki te konn wè l' ap mande charite anvan sa, yo tout t'ap di: Apa nonm ki te konn chita ap mande charite a!
Acts 2:12Yo tout te sezi, yo pa t' konn sa pou yo te kwè. Yonn t'ap di lòt: Sa sa vle di?
Acts 4:13Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki soti nan mas pèp la, ki pa t' resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi.