Amos 2:11
Mwen te chwazi kèk nan pitit gason nou yo pou sèvi m' prèt, ak kèk nan jenn gason nou yo pou yo ka vin nazirit. Se pa konsa sa te fèt vre, moun Izrayèl? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Men, nou fè nazirit yo bwè diven, nou bay pwofèt yo lòd pou yo pa bay mesaj mwen ba yo pou pèp la.
Cross References
Numbers 6:2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon gason osinon yon fanm fè yon ve espesyal, ve nazareyen yo, pou li viv apa nèt pou Seyè a,
Judges 13:4Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Nitou, piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje.
1 Samuel 3:20Konsa, tout pèp Izrayèl la, depi moun ki te rete nan peyi Dann lan jouk sa ki rete lavil Bècheba, te vin rekonèt Samyèl tankou yon bon pwofèt k'ap pale pawòl Seyè a.
1 Kings 17:1Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: -Nan non Seyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.
1 Kings 19:16Apre sa, w'a ale lakay Jeou, pitit gason Nimchi a, w'a mete l' wa peyi Izrayèl nan non mwen. Lèfini, w'a pran Elize, pitit gason Chafat, moun lavil Abèl Meola a, w'a mete l' apa nan non mwen pou l' sèvi pwofèt nan plas ou.
1 Kings 20:35Nan menm epòk sa a, Seyè a pale ak yon pwofèt nan gwoup pwofèt li yo. Li ba li lòd pou li mande yon lòt pwofèt ba l' kou. Men lòt pwofèt la derefize.