Amos 4:1
Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bèf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pòv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:21Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo non plis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip.
Deuteronomy 15:9Pa kite ankenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lanne a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lè sa a, l'a rele Seyè a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tò.
Deuteronomy 32:14Bèf yo ak mouton yo ap bay lèt an kantite. Y'a manje vyann mouton gra, vyann belye Bazan ak vyann bouk kabrit. Y'a manje pi bon kalite farin frans, y'a bwè ji rezen pou diven.
Job 20:19Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati.
Psalms 12:5(012:6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.
Psalms 140:12(0140:13) Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo.