Hosea 10:4
Men, tou sa se pale mete la. Y'ap fè sèman yo p'ap kenbe. Y'ap siyen kontra ki p'ap sèvi yo anyen. Nan tribinal, y'ap rann move jijman. Se tankou move zèb k'ap pouse nan yon jaden ou fèk pare.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Talè konsa, y'a di: -Nou pa gen wa, paske nou pa pè Seyè a. Lèfini, yon wa, sa l' ka fè pou nou?
Cross References
2 Kings 17:3Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne.
Isaiah 5:7Pèp Izrayèl la, se li ki jaden rezen Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a. Moun peyi Jida yo, se yo ki bon plan li te plante a. Li t'ap tann yo mache dwat: Yo lage kò yo nan fè lenjistis. Li t'ap tann yo fè sa ki dwat devan je l', men, nan tout peyi a, se rèl malere ase ou tande.
Ezekiel 17:13Li pran yon moun nan fanmi wa a, li pase kontra avè l', li fè l' sèmante pou l' toujou soumèt devan li. Li pran tout grannèg ki nan peyi a, li fè yo prizonye, li depòte yo.
Hosea 6:7Men, yo menm, rive yo rive Adam, yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Lamenm, yo vire do ban mwen, yo pa kenbe pawòl yo.
Amos 6:12Eske chwal ka kouri sou glasi? Eske moun ka raboure lanmè avèk bèf? Men nou menm, nou fè lajistis tounen pwazon, nou fè inonsan pase pou koupab.
Romans 1:31Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun.