Amos 6:2
Al gade sa k'ap pase lavil Kalne. Apre sa, ale pase bò gwo lavil Amat la. Lèfini, desann kay moun Filisti yo lavil Gat. Eske zafè yo pi bon pase zafè peyi Jida ak zafè peyi Izrayèl? Eske peyi yo a pi gran pase pa nou yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 5:8Se konsa yo voye chache senk chèf moun Filisti yo, epi yo di yo: -Kisa pou nou fè ak Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la? Chèf yo reponn: -Pote l' ale lavil Gat. Se konsa yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lavil Gat.
1 Samuel 17:4Yon bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, soti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè fas kare ak li. Li te gen nèf pye wotè.
2 Samuel 8:9Lè Tòy, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezè a,
2 Kings 17:24Wa peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y' al rete nan tout lavil yo.
2 Kings 18:34Kote bondye moun Amat yo ak bondye moun Apad yo? Kote bondye moun Sefavayim yo, moun Ena ak moun Iva yo? Eske yo te sove peyi Samari anba men l'?
2 Chronicles 26:6Ozyas leve al goumen ak moun Filisti yo. Li kraze miray ranpa lavil Gat, lavil Jabne ak lavil Asdòd. Li bati lòt lavil ak miray ranpa nan zòn Asdòd ak nan mitan peyi Filisti a.