Amos 7:2
Lè krikèt vèt yo te fin manje plant ki te nan peyi a, mwen di: -Tanpri, Seyè, Bondye, padonnen pèp ou a. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Seyè a chanje lide. Li di: -Sa ou te wè a p'ap rive ankò.
Cross References
Exodus 10:15Krikèt yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sak t'ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. pa t' rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt.
Exodus 34:9Li di: -Seyè! Si ou kontan m' vre, tanpri, mache avè nou non! Pèp sa a, se yon bann moun ki gen tèt di, se vre. Men, padonnen fòt nou yo ak peche nou yo. Asepte nou pou moun ki rele ou pa ou.
Numbers 14:19Tanpri, jan ou gen bon kè sa a, padonnen sa pèp la fè ki mal la, menm jan ou te pran pasyans ak yo depi yo kite peyi Lejip jouk yo rive isit la.
Psalms 44:24(044:25) Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou?
Isaiah 51:19De malè tonbe sou ou yonn apre lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè l'. Grangou ak lagè fin touye moun ou yo. Pa gen moun ankò ki pou ba ou kouraj.
Jeremiah 14:20Seyè, nou rekonèt nou antò. Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal. Wi, nou tout nou antò devan ou.