Amos 9:15
M'a plante pèp mwen an nan peyi yo a, nan peyi mwen te ba yo a. Pesonn p'ap janm ka derasinen yo ankò. Se Seyè a, Bondye a, ki pale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 16:15Lè sa a, y'a di pito: Se nan non Seyè a ki vivan, li menm ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi nan nò a ak tout lòt peyi kote li te gaye yo. Wi, m'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a.
Jeremiah 32:41M'a pran plezi pou m' fè yo byen. M'a travay ak tout kè m' ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a.
Ezekiel 37:25Y'ap rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan, peyi kote zansèt yo te viv la. Yo pral viv la pou tout tan, yo menm, pitit yo ak pitit pitit yo pou tout tan. Se yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, ki pral gouvènen yo pou tout tan gen tan.
Micah 4:4Tout moun va viv ak kè poze anba tonèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pesonn p'ap chache yo kont. Sa se pawòl ki soti nan bouch Seyè a!