Colossians 2:11
Nou menm k'ap viv ansanm nan Kris la, nou te sikonsi tou. Men, se pa t' moun ki te sikonsi nou. Sikonsizyon sa a soti nan Kris la ki delivre nou anba pouvwa lachè ki t'ap fè nou fè sa ki mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:6Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
Mark 14:58-Nou te tande l' di: m'a kraze tanp moun te fè a, epi nan twa jou m'a bati yon lòt tanp moun pa ka fè.
Acts 7:48Men, Bondye ki anwo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la di:
Romans 2:29Jwif ki jwif tout bon, se moun ki jwif nan kè yo. Sikonsizyon tout bon an, se sikonsizyon ki make kè moun. Sa se travay Lespri Bondye a, se pa travay lalwa ki ekri nan liv. Lwanj yon jwif konsa pa soti nan men moun, men nan men Bondye.
2 Corinthians 5:1Wi, nou konnen lè kò nou gen sou latè a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lòt kay nan syèl la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou.
Galatians 2:20Se sak fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitèlman li te rive bay lavi l' pou mwen.