Colossians 3:11
Se sak fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 19:23Jou sa a, ap gen yon gwo wout k'ap soti peyi Lejip rive jouk nan peyi Lasiri. Moun peyi Lasiri va vwayaje al nan peyi Lejip, moun peyi Lejip va vwayaje al nan peyi Lasiri. Tou de peyi yo pral sèvi Seyè a.
Isaiah 52:10Seyè a fè tout nasyon yo wè fòs kouraj li ki apa nèt la. Toupatou sou latè yo wè jan Bondye nou an ap delivre pèp li a.
Jeremiah 16:19Seyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m' tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va soti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: -Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.
Amos 9:12Konsa, pèp Izrayèl la va pran posesyon pòsyon ki rete nan peyi Edon an. Y'a donminen ankò sou lòt nasyon mwen te fè yo. Se Seyè a ki di sa, se li menm menm k'ap fè sa rive konsa!
Zechariah 2:11Lè sa a, anpil nasyon va vin jwenn Seyè a pou yo sèvi l'. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou.
Malachi 1:11Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri m' bagay ki bon pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.