Colossians 3:17
Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l' nan non Seyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Seyè a aji.
Cross References
Proverbs 3:6Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran.
Matthew 28:19Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.
Acts 19:17Tout moun lavil Efèz, jwif kou moun lòt nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te pè, men yo te vin gen gwo respè pou non Seyè Jezi a.
Romans 14:6Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi.
Ephesians 1:17Bondye Jezikri, Seyè nou an, fè nou konnen an, se yon papa ki gen anpil pouvwa. Mwen mande l' pou li ban nou Sentespri l' ki bay bon konprann ki moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen l' byen.
Philippians 1:11Konsa, Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye.