Colossians 4:17
Di Achip pou mwen: Fè atansyon. Sèvis yo ba l' fè nan travay Seyè a, se pou l' fè l' byen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 10:3Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
2 Chronicles 29:11Koulye a, pitit mwen yo, souke kò nou. Se nou menm Seyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l', pou sèvi l', pou fè travay li, pou boule lansan pou li.
Matthew 25:17Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis.
Acts 14:23Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Seyè ki te gen tout konfyans yo a.
1 Corinthians 4:1Se poutèt sa, nou menm moun Korent, se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache.
1 Timothy 4:6Si ou moutre frè ou yo tout bagay sa yo, ou va yon bon sèvitè Jezikri. Wa swen tèt ou ak pawòl ki soti nan konfyans Bondye ak nan verite w'ap swiv deja a.