Daniel 11:30
Moun Kitim yo ap vin nan batiman yo, y'ap rete l' sou kous li, l'ap dekouraje. Lè l'ap tounen. l'ap fin debòde sou moun k'ap sèvi dapre kontra Bondye te siyen avèk yo a. Men, l'ap fè pa moun ki vire do bay kontra a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 24:24Lè sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou.
Nehemiah 6:12Lè m' kalkile, mwen wè se pa t' Bondye ki te ba l' mesaj sa a pou mwen. Se Tobija ak Sanbala ki te peye l' pou l' te di m' sa.
Isaiah 23:12Li di: -Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo ta fè kadejak sou li. Nou mèt leve, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou an repo.
Ezekiel 27:6Yo pran bwadchenn peyi Bazan pou fè zaviwon. Yo voye chache bwa sèd nan lil Chip pou fè pon an. Lèfini, yo plake moso ivwa sou tout pon an.
Daniel 11:28Wa peyi Siri a ap tounen nan peyi l' ak anpil richès l'ap piye nan peyi Lejip. Apre lagè a, l'ap soti pou l' kraze relijyon pèp Bondye a. L'ap fè sa li te gen lide fè a. Lèfini, l'ap tounen tounen l' nan peyi l'.
Revelation 12:12Se poutèt sa, fè kè n' kontan, nou menm sièl ak tout moun ki rete nan sièl la. Men, malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil, paske li konnen pa rete l' anpil tan ankò.