The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 11 › Daniel 11:31

Daniel 11:31

L'ap voye sòlda nan lame li yo vin fè mete Tanp lan nan kondisyon pou moun pa ka sèvi Bondye ladan l' ankò. Y'ap aboli ofrann bèt yo te konn fè chak jou a, y'ap mete sa nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan.

Bib La

In The King James Version

And arms shall stand on his part, and they shall pollute the sanctuary of strength, and shall take away the daily sacrifice, and they shall place the abomination that maketh desolate.

In Context

30Moun Kitim yo ap vin nan batiman yo, y'ap rete l' sou kous li, l'ap dekouraje. Lè l'ap tounen. l'ap fin debòde sou moun k'ap sèvi dapre kontra Bondye te siyen avèk yo a. Men, l'ap fè pa moun ki vire do bay kontra a.

32Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l'.

Read all of Daniel 11

Cross References

Lamentations 2:7Bondye sèl Mèt la voye lotèl li a jete. Li pa vle wè kay yo te mete apa pou li a. Li kite lènmi yo kraze miray gwo kay yo. Lènmi yo fè fèt, yo rele byen fò nan kay Seyè a tankou lè n'ap fè seremoni pou li.

Ezekiel 9:7Bondye di yo: -Derespekte Tanp lan! Plen lakou a kadav. Ale non! Se konsa yo konmanse touye moun nan lavil la.

Daniel 8:11Li grandi, li menm rive atake chèf lame ki nan syèl la, li fè yo sispann ofri bèt pou touye pou li. Li fè kraze Tanp yo te mete apa pou li a.

Daniel 8:24L'ap grandi, l'ap vin fò. Men se pa fòs pa l' menm k'ap sou li. L'ap fè anpil dega. L'a reyisi nan tou sa l'ap fè. L'a kraze anpil gwo chèf ansanm ak anpil moun nan pèp Bondye a.

Daniel 9:27Chèf sa a pral siyen yon kontra solid avèk anpil lòt pèp pandan sètan. Men, sou twazan sis mwa l'ap fè yo sispann touye bèt ak fè ofrann pou Bondye. Yo pral mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan. L'ap rete la jouk moun ki va mete l' la a va kontre ak bout li, jan Bondye pare sa pou li a.

Matthew 24:15Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.)

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 11:31

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 11:30Daniel 11Daniel 11:32 →