Daniel 2:11
Sa monwa ap mande la a se yon bagay ki difisil anpil. Pa gen moun sou latè ki ka fè l' pou ou. Se bondye yo ase ki ka fè sa. Men, bondye yo pa rete nan mitan moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Lè wa a tande sa, li move. Li fè yon sèl kòlè, li bay lòd touye dènye nèg save ki lavil Babilòn.
Cross References
Genesis 41:8Nan maten, li te boulvèse anpil, li voye chache dènye divinò ak nèg save ki nan peyi Lejip la. Li rakonte yo rèv la, men yo yonn pa t' kapab esplike rèv la ba li.
Exodus 8:19Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
Numbers 35:34Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou rete a, paske mwen menm Seyè a, se nan mitan moun pèp Izrayèl yo, nan mitan peyi kote yo rete a, mwen rete tou.
2 Chronicles 6:18Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè ak moun? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou! Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
Psalms 113:5Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt.
Isaiah 8:18Men mwen ansanm ak tout pitit Seyè a ban mwen yo! Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm ki rete sou mòn Siyon an, li fè nou tounen yon siy nan mitan pèp la pou nou moutre sa ki pral rive.