Daniel 2:45
Ou te wè ki jan yon wòch te pran desann soti kote l' soti a, san se pa pesonn ki voye l', epi li kraze gwo estati ki te fèt an fè, kwiv, tè krich, ajan ak lò a, pa vre? Bondye ki gen anpil pouvwa a fè monwa konnen sa ki gen pou rive nan tan k'ap vini an. Rèv ou te fè a klè. Sans mwen fè ou konnen an sèten.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 41:26Sèt vach gra yo, se sèt lanne. Sèt bèl grap yo se sèt lanne tou. Yo vle di menm bagay.
Genesis 41:32Si farawon an fè menm rèv la de fwa, sa vle di Bondye gen tan fin fè plan l' nèt. Se yon bagay Bondye pral fè talè konsa.
2 Samuel 7:22Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou la gwo! Pa gen tankou ou! Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa.
Nehemiah 4:14Lè m' wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen di yo: -Nou pa bezwen pè moun sa yo! Chonje jan Seyè a gen pouvwa, jan li fè moun pè l'. Ann goumen pou moun menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo.
Job 36:26Wi. Nou p'ap janm ka fin konprann jan Bondye gen pouvwa! Nou p'ap janm ka fin konnen depi kilè Bondye la.
Psalms 48:1(048:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (048:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.