Isaiah 60:12
Paske y'ap detwi tout nasyon ak tout wa ki pa vle sèvi nou yo. Y'ap kraze peyi sa yo nèt ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 14:2Anpil lòt nasyon va ede yo tounen nan peyi Bondye te ba yo a. Moun pèp Izrayèl yo menm va pran yo ak yo nan peyi Bondye te ba yo a. Y'a fè yo sèvi domestik ak sèvant. Moun ki te fè pèp la prizonye, se yo ki pral tounen prizonye pèp la. Pèp Izrayèl la pral donminen sou moun ki t'ap peze yo anba pye yo.
Isaiah 54:15Si yo atake ou, sa p'ap soti nan mwen. Nenpòt moun ki va fè ou lagè pral tonbe devan ou.
Daniel 2:35Lamenm, fè, tè krich, kwiv, ajan, lò tonbe atè, yo tounen pousyè tankou pousyè sou glasi nan sezon chalè. Yon van soufle, li pote yo ale, li pa kite yon ti remak. Men, wòch ki te frape estati a pran grandi, li grandi, li grandi jouk li tounen yon gwo mòn ki kouvri tout latè.
Zechariah 12:2Mwen pral fè lavil Jerizalèm fè moun lòt nasyon ki bò kote l' yo pèdi tèt yo, tankou moun ki sou. Lè y'a sènen lavil Jerizalèm, yo pral sènen lavil ki nan rès peyi Jida yo tou.
Zechariah 14:17Si yon nasyon va derefize moute lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a, yon ti degout lapli p'ap tonbe nan peyi yo a menm.
Matthew 21:44Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l' kraze l' an miyèt moso.