The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 3 › Daniel 3:28

Daniel 3:28

Wa a di konsa: -Lwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a! Li voye zanj li delivre sèvitè l' yo ki te mete konfyans yo nan li. Yo te derefize obeyi lòd mwen. Yo te pito mouri pase pou yo ta mete ajenou pou adore yon bondye ki pa bondye pa yo a.

Bib La

In The King James Version

Then Nebuchadnezzar spake, and said, Blessed be the God of Shadrach, Meshach, and Abed-nego, who hath sent his angel, and delivered his servants that trusted in him, and have changed the king’s word, and yielded their bodies, that they might not serve nor worship any god, except their own God.

In Context

27Tout gwo zotobre yo: prefè, kòmandan, gouvènè ansanm ak tout lòt chèf yo sanble pou yo wè twa mesye yo. Dife a pa t' fè kò yo anyen. Yon branch cheve nan tèt yo pa t' boule, rad sou yo pa te menm flambe. Pa t' gen okenn lafimen sou yo.

29Koulye a, men lòd mwen bay pou tout pèp, moun tout peyi ak moun tout ras ki pale lòt lang yo: si yonn nan nou pale Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a mal, se pou yo depatcha l'. Lèfini, se pou yo kraze kay li nèt mete atè. Paske pa gen lòt bondye ki ka delivre moun konsa.

Read all of Daniel 3

Cross References

Genesis 19:15Kou jou pral kase, zanj Bondye yo leve Lòt pou l' fè vit. Yo di l'. Fè vit non, monchè! Pran madanm ou ak de pitit fi ou yo, met deyò. Si se pa sa, n'ap mouri tout lè Bondye ap pini lavil la.

1 Chronicles 5:20Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo.

2 Chronicles 32:21Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.

Ezra 6:11Men yon lòd mwen bay ankò: si yon moun refize fè anyen nan sa m' mande la a, y'a rache yon poto bwa nan kay li, y'a fè yon pwent li, y'a pèse moun lan pak an pak ak li. Pou kay li a menm, y'a fè l' tounen yon pil fatra, poutèt sa li fè a.

Psalms 22:4(022:5) Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo.

Psalms 33:18Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 3:28

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 3:27Daniel 3Daniel 3:29 →