The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 7 › Daniel 7:24

Daniel 7:24

Dis kòn yo, se dis wa ki pral alatèt gouvènman sa a. Apre yo, ap gen yon lòt wa ki p'ap tankou lòt yo. L'ap jete twa nan wa yo.

Bib La

In The King James Version

And the ten horns out of this kingdom are ten kings that shall arise: and another shall rise after them; and he shall be diverse from the first, and he shall subdue three kings.

In Context

23Men esplikasyon moun lan te ban mwen: -Katriyèm bèt la, se katriyèm gouvènman ki pral gen sou latè. Li p'ap tankou lòt yo. Li pral devore tout moun sou latè, l'ap pilonnen yo anba pye l', l'ap kraze yo.

25L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'.

Read all of Daniel 7

Cross References

Daniel 7:7Antan m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovaj anpil. Depi ou gade l' se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè. Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l'. Li pa t' sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l' yo. Li te gen dis kòn.

Daniel 8:9Yon ti kòn pouse sou yonn nan kòn sa yo. Li grandi, li mache fè lagè ak moun peyi nan sid la, moun peyi bò solèy leve a ak moun peyi ki pi bèl pase tout lòt yo.

2 Thessalonians 2:3Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt. Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan.

Revelation 12:3Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo.

Revelation 17:3Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye.

Revelation 17:16Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 7:24

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 7:23Daniel 7Daniel 7:25 →