Isaiah 60:11
Pòtay nou yo ap rete louvri lajounen kou lannwit. Yo p'ap janm fèmen, pou wa lòt nasyon yo ka pote tout richès peyi yo lakay nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Paske y'ap detwi tout nasyon ak tout wa ki pa vle sèvi nou yo. Y'ap kraze peyi sa yo nèt ale.
Cross References
Nehemiah 13:19Se konsa mwen bay lòd pou yo toujou fèmen tout batan pòtay lavil la pou tout jou repo a, depi lavèy lè solèy fin kouche, epi pou yo kite yo fèmen pou jouk nan denmen lè solèy la va kouche ankò. Mwen mete kèk moun pa m' menm ap veye bò pòtay yo pou ankenn chay pa antre nan lavil la jou repo a.
Isaiah 49:23Wa yo pral tankou papa pou nou. Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris. Y'ap ajenou devan nou, y'ap bese tèt yo jouk atè, Y'a niche pousyè ki nan pye nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p'ap janm wont.
Isaiah 60:18Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l'. M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou. M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen.
Revelation 21:25Pòtay yo va rete louvri tout lajounen. Men, paske la p'ap janm fè nwit, pòtay yo p'ap janm fèmen.