Daniel 7:28
Se tou sa li te rakonte m'. Mwen menm Danyèl, mwen te boulvèse anpil, mwen chanje koulè. Mwen kenbe tout bagay sa yo nan kè m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 37:10Li rakonte rèv la bay papa l' ansanm ak frè l' yo. Men papa a t'ap rale zòrèy li, li t'ap di l': -Ki kalite rèv w'ap fè konsa a? Koulye a, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou?
Daniel 4:16Pandan sètan, li p'ap gen lespri tankou tout moun. L'ap san konprann tankou yon bèt.
Daniel 5:6Li chanje koulè, li vin pè. Li santi tout kò l' aprale, jenou l' yo pran tranble.
Daniel 8:17Gabriyèl pwoche bò kote m' te ye a. Mwen te sitèlman pè mwen tonbe fas atè. Li di m' konsa: -Nonm o! Konprann byen: Vizyon an fè ou konnen ki jan sa pral fini sou latè.
Daniel 8:27Lè sa a, mwen santi mwen t'ap faya. Mwen pase kèk jou malad. Apre sa, mwen leve, m' al fè travay wa a te ban m' fè a. Men, vizyon an t'ap boulvèse lespri m' toujou, m' pa t' ka konprann li.
Daniel 11:27Apre sa, de wa yo pral chita manje ansanm sou menm tab, men tou de pral gen move lide dèyè tèt yo, yonn ap bay lòt manti. Yo yonn yo p'ap jwenn sa yo bezwen an, paske lè a p'ap ko rive.