The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 9 › Daniel 9:3

Daniel 9:3

Mwen leve je m' nan syèl la pou m' lapriyè Seyè a, Bondye a, ak tout kè m'. Mwen t'ap kriye nan pye l', mwen te rete san manje, yon rad sak sou mwen. Mwen te chita sou sann dife.

Bib La

In The King James Version

And I set my face unto the Lord God, to seek by prayer and supplications, with fasting, and sackcloth, and ashes:

In Context

2Mwen menm Danyèl, mwen t'ap etidye liv Bondye yo. Mwen t'ap kalkile sou swasanndizan lavil Jerizalèm te gen pou l' rete kraze a, jan Seyè a te di l' nan bouch pwofèt Jeremi an.

4Mwen lapriyè nan pye Seyè a, Bondye mwen an. Mwen louvri kè m' ba li, mwen mande l' padon pou pèp mwen an. Mwen di: -Seyè, Bondye, ou gen gwo pouvwa, tout moun fèt pou gen krentif pou ou. Ou kenbe pwomès ou, ou pa janm sispann renmen moun ki renmen ou epi ki kenbe kòmandman ou yo.

Read all of Daniel 9

Cross References

Ezra 8:21Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l' pou nou fè yon bon vwayaj, pou l' pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo.

Ezra 10:6Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pa t' kenbe pawòl yo.

Nehemiah 9:1Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.

Esther 4:3Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.

Job 42:6Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon.

Psalms 69:10(069:11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 9:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 9:2Daniel 9Daniel 9:4 →