Jeremiah 8:2
Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo t' al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pesonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 17:3pou l' al fè bagay Seyè a pa janm mande nou fè, pou l' al sèvi lòt bondye, tankou solèy, lalin osinon kèk lòt zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la,
2 Kings 9:37Kadav li pral tounen fimye gaye nan tout jaden zòn Jizreyèl la. Konsa pesonn p'ap ka rekonèt li.
2 Kings 21:3Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze. Li bati lotèl pou Baal, li fè fè yon estati Achera, tankou sa Akab, wa peyi Izrayèl la, te fè fè a. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.
2 Kings 23:5Li revoke tout prèt ansyen wa peyi Jida yo te nonmen pou fè sèvis sou lotèl zidòl yo nan lavil peyi Jida yo ak nan zòn Jerizalèm, tout prèt ki t'ap fè sèvis pou Baal, pou solèy, pou lalin, pou douz gwoup zetwal yo ak pou tout lòt zetwal yo.
Psalms 83:10(083:11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.
Ecclesiastes 6:3Yon nonm te mèt gen san (0100) pitit, li te mèt viv lontan, wi li te mèt rive vye granmoun, si li pa jwi anyen nan lavi, si yo pa ka fè bèl lantèman pou li, enben, mwen di nou: Yon timoun ki fèt tou mouri miyò pase l'.