Deuteronomy 19:13
N'a san pitye pou li, n'a wete moun k'ap mache touye inonsan nan peyi Izrayèl la. Se konsa tout bagay va mache byen pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 9:6Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun gen pou touye l' tou, paske Bondye kreye moun pòtre ak li.
Leviticus 24:21Si ou touye yon bèt ki pa pou ou, se pou ou renmèt li. Men, si se yon moun ou touye, y'ap touye ou tou.
Numbers 35:33Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou pral viv la. Lè yon moun touye yon lòt moun, se sa k'ap mete peyi a nan kondisyon li derespekte Bondye ak san ki koule a. Lè konsa, pa gen lòt mwayen pou fè Bondye padonnen peyi a pase se touye pou nou touye moun ki touye a.
Deuteronomy 7:16Se pou nou disparèt tout pèp Seyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou.
Deuteronomy 21:9Se konsa, n'a fè sa Seyè a te ban nou lòd fè a, yo p'ap rann nou reskonsab lanmò inonsan yo touye a.
2 Samuel 21:1Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.