Deuteronomy 23:19
Piga nou janm fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou peye enterè lè nou prete l' lajan, osinon manje, osinon nenpòt lòt bagay.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 25:35Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè l' pou yon moun lòt nasyon k'ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l'a toujou ka viv bò kote nou.
Psalms 15:5Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l' bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!
Ezekiel 18:13l'ap bay ponya, li pran enterè pou lajan li prete, yon nonm konsa pa fèt pou viv. Non, li pa gen dwa viv lè li fin fè tout vye bagay derespektan sa yo. Se sèten l'ap mouri. Se li menm k'ap pote chay tou sa li fè.
Ezekiel 22:12Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m'. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.