Deuteronomy 23:9
Lè n'ap fè lagè ak lènmi nou yo, antan n'ap viv nan kan, se pou nou egzante tou sa ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye.
Bib La
In The King James Version
When the host goeth forth against thine enemies, then keep thee from every wicked thing.
In Context
Cross References
Joshua 7:11Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo.
2 Chronicles 19:4Jozafa te rete lavil Jerizalèm. Men, li pran vizite pèp la nan tout peyi a ankò, depi lavil Bècheba nan sid, rive jouk nan mòn Efrayim yo nan nò, pou l' te fè pèp la tounen vin jwenn Seyè a, Bondye zansèt yo a.
2 Chronicles 31:20Se konsa Ezekyas te fè nan tout peyi Jida a. Li te fè sa ki byen, sa ki dwat ak tout kè li devan Seyè a, Bondye li a.
Luke 3:14Kèk sòlda tou mande li: E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fè manti sou pesonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an.