Deuteronomy 27:3
Apre sa, n'a ekri sou yo tout lòd ki nan lalwa sa a. Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo jan li te pwomèt zansèt nou yo,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 20:24Men, mwen te pwomèt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa.
Numbers 14:8Si Seyè a vle fè sa pou nou, l'ap fè nou antre nan peyi a, l'ap ban nou li. Se yon peyi ki rich anpil, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.
Deuteronomy 6:8Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo.
Joshua 5:6Pèp Izrayèl la te pase karantan ap vwayaje nan dezè a. Pandan tout tan sa a, tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri, paske yo pa t' koute Seyè a lè li te pale yo. Se konsa li te di yo li pa t'ap kite yo yonn wè peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a, bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a.
Jeremiah 11:5Lè sa a m'a kenbe pwomès ak gwo sèman mwen te fè bay zansèt nou yo, pou m' te ba yo yon bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo. Se peyi sa a ki pa nou jòdi a! Mwen reponn: -Se vre, Seyè!
Jeremiah 32:22Ou te ba yo peyi ou te pwomèt ou t'ap bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.