Deuteronomy 28:20
Si nou fè bagay ki mal, si nou vire do bay Seyè a, l'ap voye tout kalite madichon sou nou: Nou p'ap konn sa pou n' fè, n'a gen kè sere nan tou sa n'ap fè jouk n'a rete konsa n'a fin disparèt nèt, paske nou te fè bagay ki mal, nou te vire do ba li.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Madichon Bondye va tonbe sou tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout.
21Seyè a ap voye yon sèl move maladi po k'ap fini nèt ak nou nan peyi nou pral pran pou nou an.
Cross References
Leviticus 26:31M'a fè lavil nou yo tounen mazi. M'ap detwi tout kote nou fè sèvis yo. M'ap derefize pran bon sant ofrann nou yo.
Deuteronomy 4:26Si nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt.
Judges 2:15Chak fwa y' al nan lagè, Seyè a te pran pozisyon kont yo pou malè yo, jan li te di li t'ap fè l' la. Se konsa yo t'ap bat yon sèl mizè!
Job 24:18Lè sa a, Sofa di konsa: -Men dlo desann pote mechan yo ale. Madichon Bondye tonbe sou tout tè ki pou yo. Yo pa soti al travay nan jaden rezen yo.
Psalms 80:4(080:5) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou?
Isaiah 30:17Lè n'a wè yon sèl moun nan lènmi yo, mil nan nou pral kraze rak. Lè n'a wè senk menm, se nou tout k'ap kouri met deyò. Sèl bagay k'ap rete nan lame nou an, se va drapo n'a kite kanpe sou tèt ti mòn lan.