Jeremiah 44:3
Se paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m' fache anpil sou yo. Yo t' al ofri lansan bay lòt bondye, yo t' al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pa t' janm konnen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:25Y'a reponn yo: Se paske yo pa t' kenbe kontra Seyè a, Bondye zansèt yo a, kontra li te pase ak yo lè li t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la.
Deuteronomy 32:17Y' al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pa t' janm konnen anvan, lòt bondye ki fèk parèt, bondye zansèt yo pa t' janm gen krentif.
Nehemiah 9:33Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou. Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal.
Jeremiah 4:17Yo pral sènen lavil Jerizalèm tankou moun k'ap veye jaden, paske moun li yo te refize obeyi Seyè a. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 5:29Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Jeremiah 9:12Mwen mande ki moun gen lespri ase pou konprann sa k'ap rive la a? Ki moun Seyè a te esplike bagay sa yo? Se pou l' fè moun konnen poukisa peyi a fini konsa, poukisa li boule tankou dezè a, poukisa pa gen pesonn ladan l' ankò.