Hebrews 8:9
Bondye di ankò: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo pa t' fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pa t' okipe yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 19:16Lè yo wè Lòt t'ap kalbende, yo pran men li, yo pran men madanm li ansanm ak de pitit fi li yo, yo mennen yo andeyò lavil la, yo lage yo. Yo te fè sa, paske Seyè a te gen pitye pou Lòt.
Exodus 24:3Moyiz ale, li rapòte bay pèp la tou sa Seyè a te di l' yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè.
Exodus 34:10Seyè a reponn: -Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay ankenn peyi sou latè ni ankenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Seyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m' fè yon bagay estraòdinè.
Deuteronomy 5:2Seyè a, Bondye nou an, te siyen yon kontra ak nou sou Mòn Orèb la.
Deuteronomy 29:12nou vin pran angajman sou sèman pou nou asepte tout egzijans kontra Seyè a, Bondye nou an, ap pase ak nou jòdi a.
Deuteronomy 31:16Seyè a di Moyiz: -Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y' al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m', yo pral kase kontra m' te pase avèk yo a.