Deuteronomy 31:13
Se konsa, pitit yo ki pa t' janm konn lalwa a va tande l'. Y'a aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, chak jou pandan tout tan n'ap viv nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 11:2Se pou nou rekonèt jòdi a tou sa Seyè a te moutre nou. Nou te wè jan li gen pouvwa, jan li gen fòs, jan li gen kouraj. Se nou menm ki te viv tout bagay sa yo, se pa t' pitit nou yo. Yo menm yo pa t' konn anyen, ni yo pa t' wè anyen.
Psalms 78:4Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy.
Proverbs 22:6Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'.