The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 4 › Deuteronomy 4:38

Deuteronomy 4:38

Lèfini, li fè yon bann nasyon ki pi gran, ki pi fò pase nou kouri mete deyò pou fè plas ban nou. Li fè nou antre nan peyi yo. Li ban nou yo pou yo rele nou pa nou, jan sa ye jouk jòdi a.

Bib La

In The King James Version

To drive out nations from before thee greater and mightier than thou art, to bring thee in, to give thee their land for an inheritance, as it is this day.

In Context

37Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo soti kite peyi Lejip.

39Bon. Koulye a, konprann sa byen. Pa janm bliye se Seyè a ki Bondye anwo nan syèl la ak isit la sou latè. Wi, se li menm, pa gen lòt.

Read all of Deuteronomy 4

Cross References

Exodus 23:27M'ap fè tout moun pè nou. Kote nou pase, m'ap fè moun pèdi tèt yo. M'ap fè tout lènmi nou yo pran rak devan nou.

Deuteronomy 7:1Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.

Deuteronomy 9:1Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! Lè a rive, jòdi a nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al anvayi peyi ki pou nasyon ki gen plis moun pase nou, nasyon ki pi fò pase nou. Nou pral pran yon bann gwo lavil ki gen ranpa wotè syèl la pou pwoteje yo.

Joshua 3:10Lèfini, Jozye di yo konsa: -Jòdi a, nou pral konnen Seyè a, Bondye vivan an, nan mitan nou vre. Li pral chase devan nou moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Evi yo, moun Ferezi yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Jebis yo.

2 Chronicles 20:11Gade ki jan y'ap fè nou peye sa jòdi a! Men y'ap vin mete nou deyò nan peyi ou te ban nou an!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 4:38

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 4:37Deuteronomy 4Deuteronomy 4:39 →