Deuteronomy 7:3
Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:2Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.
Exodus 34:15Pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lè y'ap sèvi bondye yo, lè y'ap touye bèt pou yo, sa y'ap fè a se menm bagay ak fanm k'ap fè jennès. Lè sa a y'a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bèt yo te ofri bay zidòl yo.
Joshua 23:12Si nou vire do bay Bondye, si n' al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k'ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre soti avèk yo,
1 Kings 11:2Li te marye ak anpil fanm ki soti nan lòt nasyon, atout Seyè a te bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pa janm marye ak moun sa yo, pou yo pa janm kite yo mele ak yo, paske moun sa yo va pran tèt yo pou fè yo sèvi bondye pa yo. Men, Salomon te sitèlman renmen yo, li marye ak yo.
Ezra 9:1Lè tout bagay sa yo fin regle, chèf pèp Izrayèl yo vin jwenn mwen, yo di m' konsa: -Pèp la, ansanm ak prèt yo ak moun Levi yo fin melanje nèt ak moun lòt nasyon ki nan peyi a: moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Jebis yo, moun Amon yo, moun Moab yo, moun Lejip yo ak moun Amori yo. Yo lage kò yo nan fè menm vye bagay ak moun sa yo.
Ezra 9:12Enben! Piga nou marye pitit fi nou yo ak pitit gason yo, ni piga nou chwazi pitit fi yo pou pitit gason nou yo. Nou pa bezwen chache konnen si zafè yo ap mache, si yo gen kè kontan. Se sèl jan nou menm nou ka vin fò, nou ka manje tout bon bagay ki donnen nan peyi a, nou ka kite tè sa a pou pitit nou yo pou tout tan.