Deuteronomy 9:27
Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb! Pa gade sou tèt di pèp la, ni sou mechanste ak sou peche l'ap fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:6Bondye di ankò: -Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi l', paske li te pè gade Bondye.
Exodus 6:3Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m' sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pa t' fè yo konnen m' sou lòt non mwen an, ki vle di: Seyè a.
Exodus 32:13Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Izrayèl. Chonje pwomès ou te fè yo. Ou te fè sèman sou tèt ou, ou te di yo: M'ap ban nou pitit pitit an kantite, y'ap tankou zetwal nan syèl la. M'ap bay pitit pitit nou yo tout peyi mwen te di m'ap ban nou an, pou peyi a rele yo chèmèt pou tout tan.
Leviticus 26:42Mwen menm m'a chonje kontra mwen te pase avèk Jakòb, avèk Izarak epi avèk Abraram. Wi, m'a chonje pwomès mwen te fè yo ak peyi mwen te di m'ap ba yo a.
1 Samuel 25:25Tanpri, pa okipe nonm yo rele Nabal la. Se yon vòryen. Se pa pou gremesi yo rele l' Nabal ki vle di moun fou. Mwen menm, mèt, mwen pa t' wè mesye ou te voye yo.
Psalms 130:3Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?