The Bible Software
bible.software › Ephesians › Ephesians 2 › Ephesians 2:13

Ephesians 2:13

Men koulye a, nan Jezikri, nou menm ki yon lè t'ap viv lwen Bondye, nou vin toupre l', gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an.

Bib La

In The King James Version

But now in Christ Jesus ye who sometimes were far off are made nigh by the blood of Christ.

In Context

12Lè sa a, nou t'ap viv byen lwen Kris la, nou te tankou etranje, nou pa t' fè pati pèp Bondye te chwazi pou li a. Nou pa t' nan kontra Bondye te fè ak pèp li a dapre sa l' te pwomèt la. Nou t'ap viv sou latè san okenn espwa, san Bondye.

14Paske, se li menm k'ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt.

Read all of Ephesians 2

Cross References

Psalms 22:7(022:8) Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.

Isaiah 11:10Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va soti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va soti toupatou pou yo vin bò kote l'. Y'a fè lwanj li nan lavil kote l' rete a.

Isaiah 43:6M'ap di moun ki rete sou bò nan nò yo: Kite yo ale! M'ap di moun ki rete sou bò nan sid yo: Kite yo tounen! Kite pitit gason m' yo tounen soti byen lwen. Kite pitit fi m' yo tounen soti toupatou sou latè.

Isaiah 57:19M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo.

Isaiah 60:9Se yon bann bato k'ap soti byen lwen, bato peyi Tasis yo devan. Y'ap mennen moun pèp Bondye a tounen lakay yo. Y'ap pote ajan ak lò ak yo an kantite, pou sa sèvi yon lwanj pou Seyè a, Bondye nou an. Paske Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te fè bèl bagay pou pèp li a.

Jeremiah 16:19Seyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m' tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va soti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: -Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Ephesians 2:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ephesians 2:12Ephesians 2Ephesians 2:14 →